Istwa lakou a

Istwa lakou a

Objektif Pwofesè Jean Casimir nan seri twòkèt sa yo se reponn kesyon fondamantal sou istorik pèp souvren an nan pwòp esperyans pèp souvren sa a kòm yon gwoup abitan ki gran moun tèt yo.  Twòkèt sa yo envite nou chache chay istwa ansyen nou yo depi Lafrik Ginen pase Sen Domeng rive Ayiti jounen jodi a.  Chak nan twòkèt sa yo ap ede n fouye zo nan kalalou yon koleksyon konsèp ki enpòtan nan vokabilè kreyòl la. Depi lè ansyen yo kòmanse antre an kontak ak blan ewopeyen yo, lang kreyòl la vin ede yo entèprete pawòl otorite leta yo yon fason pou yo rive chape kò yo ak lespri yo an ba dominasyon kolonyal jis yo rive mèt tèt yo nan lakou kote tout moun se moun. Se pou sa nou pral fouye zo nan kalalou vokabilè kreyòl la. Pami konsèp sa yo nou pral analize nan twòkèt yo, n ap jwenn : « abitan », « malere », « nèg », « bosal », « blan », « ras », « moun », « kreyòl », « pouvwa », « leta », « kolon », « endepandans », « teknoloji », « klas mwayèn », « zanno kay òfèv », e latriye... Pawòl sa yo ak yon bann ak yon pakèt lòt ankò byen chita nan vokabilè kreyòl la e fòk nou byen analize yo, pandan n ap brase lide nan respè youn pou lòt, pou n rive konprann ki kalte moun nou ye. Ki donk, vreman vre, ti atik tou kout sa yo ansanm ak chita pale nan videyo ak Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) epi egzèsis nan koleksyon « Istwa lakou a » sou Platfòm MIT-Ayiti, tou sa se « twòkèt » la vre. Se nou menm, lektè yo, k ava pote chay la ki dèyè. Se Djeride Jean-Baptiste (Grenadye nan MIT-Ayiti) ki fè entèvyou sa a ak Pwòf Jean Casimir. Nan semenn k ap vini yo, nou pral afiche yon seri « twòkèt » (ti atik tou kout) sou Platfòm MIT-Ayiti. Twòkèt sa yo, ansanm ak yon seri entèvyou nou pral fè ak Pwòf Casimir, pral antre nan koleksyon Istwa Lakou a.
00:00
00:00

Resumen del episodio

Pwofesè Jean Casimir (sosyològ, antwopològ, istoryen nan Fakilte Syans Moun, Inivèsite Leta d Ayiti) ap brase lide ak Grenadye Djeride Jean-Baptiste (MIT-Ayiti) sou « Prensip lakou a » nan istwa ak sosyoloji peyi d Ayiti. Pwòf Casimir pral pataje yon seri « twòkèt » (ti atik tou kout) sou Platfòm MIT-Ayiti sou istwa lakou a.

Episodios

7-

Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou metòd aprantisaj aktif pou istwa lakou a

Pwofesè Jean Casimir (sosyològ, antwopològ, istoryen nan Fakilte Syans Moun, Inivèsite Leta d Ayiti) ap brase lide ak Grenadye Djeride Jean-Baptiste (MIT-Ayiti) sou « Prensip lakou a » nan istwa ak sosyoloji peyi d Ayiti. Pwòf Casimir pral pataje yon seri « twòkèt » (ti atik tou kout) sou Platfòm MIT-Ayiti sou istwa lakou a.

27 dic. 2021
6-

Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir : Ki sa « pèp souvren » ye ? Ki jan l rive pran tit « Abitan » ?

« TIT ABITAN SA A RANMASE TOU SA AYISYEN FÈ POU TÈT YO : YO KREYE YOU LÒT RAS MOUN, YO ENVANTE PEYI PA YO KOTE TOUT MOUN SE MOUN. NÈG LAVIL ANNIK CHITA, PWOFITE SA K PASE A. » – JEAN CASIMIR

27 dic. 2021
5-

Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou « Pouvwa Lakay »

« MEN, LETA PA WÈ SE PA ENDIVIDI KI FÈ YON SOSYETE. YON SOSYETE SE YON MAKONN KOMINOTE ; E SE KOMINOTE KI FÈ ENDIVIDI A ; KOMINOTE SE GADÒ ENDIVIDI. KOMINOTE A BAY MOUN EGZISTANS, LI BA YO DWA ANSANM AK VOLONTE POU DEFANN DWA YO. E SE SOU BAZ DWA MOUN LALWA KALE. LALWA PA BAY DWA, LI REKONÈT DWA. SE KOMINOTE KOTE W SOTI A K AP BA W FÒS AK DWA POU W REKLAME SA LASOSYETE DWE W. PA GEN LETA KI KA EFASE SA. » – Jean Casimir

27 dic. 2021
4-

Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou « De (2) men klas mwayen lan »

« KLAS MWAYÈN LAN VIN GEN 2 KALITE PÈSONAJ : YOUN KI SE TCHOUL LAGRANDYAB 100%, YON LÒT K AP VEYE KOUMAN POU L SÈVI AK LAGRANDYAB, MALGRE REPIYANS LI. SE KON SA LAGRANDYAB AL PRAN YON PANZOU NAN MEN NÈG SA YO. » – PWÒF JEAN CASIMIR

27 dic. 2021
3-

Entèvyou ak Pwofesè Jean Casimir sou enpòtans lakou ak kreyòl nan istwa d Ayiti

« SI OU PA KONPRANN LAKOU A, OU PA KA KONPRANN ISTWA D AYITI » – PWÒF JEAN CASIMIR

27 dic. 2021